Kijan Pou Jere Ekilib Mantal Ou Pandan Konfinman

Mond lan ap travèse yon moman ki pa fasil fas ak kowona viris (COVID-19) ki reprezante yon menas pou ekilib mantal ak lavi nou, ki chanje anpil nan fason nou tap viv avan e oblije nou adapte ak lòt kalite fason pou nou viv. Se sa ki fè nan menm sans lan, pou limite pwopagasyon viris la soti de yon moun ak yon lòt, youn nan mezi otorite yo pran, se oblije tout moun rete lakay yo pandan y ap respekte prensip ijyèn yo prensipalman : lave men yo

Nan sitiyasyon sa a, li posib pou anpil moun vin ap jenere estrès ak anksyete akoz yo paka soti oubyen yo kontinye ap enkyete de sa ki ka rive yo menm, fanmi yo oswa pwòch yo. Ansanm reyaksyon sila yo nòmal. Chak fwa nou fas ak yon danje, oubyen nan yon sitiyasyon kote nou ka pèdi lavi nou, se tout sistèm nou ki mete nou an alèt pou nou ka defann nou. Men li enpòtan pou nou aprann jere tansyon sa yo, pou evite yo pote nou ale nan yon pwen kote nou ta pèdi ekilib lavi a. Se vre moman an difisil, men sa nou ka sèten, li pap toujou rete konsa. Kidonk li nesesè pou nou chèche ki pi bon mwayen nou kapab travèse etap difisil sa. Pou rezon sa men kèk konsèy ekip 4-Better a pote pou ou ka p ede w nan retwouve ekilib mantal ou pandan peryod konfinman oubyen karantèn nan: 

A – Fokis sou sa w kapab kontwole 

Toudabò nou vle raple w nan lavi ou pap janm ka kontrole tout bagay ! Gen bagay ou ka aji sou yo, konsa tou gen bagay ou paka fè anyen kont yo. Pandan wap sonje sa, li esansyèl pou w rete fokis selman sou sa ou ka kontwole yo olye w rete ap enkyete w pou bagay ou paka fè anyen pou chanje jan yap dewoule. Fè efò ak tèt ou pou w respekte prensip tankou : lave men w souvan, pa soti san bezwen, pran distans ak lòt moun ak lòt ankò, se kèk egzanp de bagay ou ka kontwole. Yon lòt bò kantite dega ki ka fèt pandan oubyen apre, se pa de bagay ou ka kontwole ni aji sou yo, kidonk evite fokis lespri w sou yo.

B- Pratike respirasyon 

Se vre ou paka pase lespri w lòd pou dil sispann panse ak yon bagay ka p ba ou pwoblèm. Men ou ka jere emosyon w yo ak respirasyon w. Egzèsis respirasyon ka ede w kalme w epi redwi presyon ak enkyetid ka p pote w ale nan moman sa yo. Aprann mete yon ti tan apa chak jou pou w fè egzèsis respirasyon, sa ap ede w anpil ! 

C- Evite rete san ou pap fè anyen 

Si nan tan ou rete lakay ou a, se kouche tout jounen ap gade televizyon, gade nouvèl oubyen desann fil aktyalite sou rezo sosyo yo, w ap santi dekourajman. Estrès ak nwizans ap anvayiw chak jou pi plis. Olye de sa, cheche jwenn aktivite ki ka fè ou santi w byen tankou: ranje chanm ou, prepare yon manje ou renmen epi pataje sa ak pwòch ou, ekri yon zanmi oubyen yon fanmi pou fè kè li kontan, netwaye bwat imel ou, fè spò, li yon bon liv, ekri powèm, fè desen, jwe, pran yon kou sou entènèt, fè planifikasyon pou lavni, elatriye… 

Nou dwe toujou sonje moman ki difisil yo toujou bay gwo opòtinite an menm tan. Rete lakay ou pap yon prizon si ou vle viv lib ak pwofite de moman sa. Evite nouri lespri w ak panse ki negatif tankou nouvèl ak enfomasyon ki pa verifye e kap sikile sèlman nan objektif pou simen latwoublay, li pi bon pou w tande ekspè nan domèn nan kap bay konsiy ak enfomasyon moun ka fè konfyans epi ranplase panse negatif yo ak panse pozitif.

Nou pote pou yon zouti ki se Jounal karantèn nan. Zouti sa ap ede w planifye jounen w ansanm ak aktivite ka p edew rete pozitif epi ekilibre panse w ak emosyon w yo chak jou. Pandan peryod karantèn nan li fasil pou panse negatif anvayi w siw pa fè bonjan planifikasyon ka p pèmèt ou adapte w epi kenbe ekilib mantal ou nan moman difisil sa.  Ou kapab telechaje zouti sila isi a.

 Moman sa pa fasil se vre men li chaje ak opòtinite nou ka pwofite pou rekonsilye nou ak tèt nou, dyaloge ak tèt nou, vinn zanmi tèt nou, priye sa nou kwè ladan l, medite ak jwenn tan pou nou fè sa nou te toujou renmen e anvi fè. Toujou gen lespri pozitif pou kenbe ekilib mantal ou epi souri bay lavi a se kèk pami bèl fason nou ka franchi etap sa a!

PS :  Pa bliye fè yon jounal karantèn