Ala De Tray Pou Fanm Nan Mitan Lasosyete

Mwen se lavi. Mwen se poto mitan. Mwen se fetay kay la. Wi mwen se Fanm. Fason Bondye kreye m nan selman se yon mèvèy, wi tout moun ozanj pou di sa. Mwen fè lòlòj vire, mwen pote kè kontan, mwen … dous, mwen se manman lavi. Mwen se tout sa yo, sof moun. Non, mwen pa moun paske Lasosyete di mwen pa gen dwa. Mwen te kòmanse kwè l’ lè l’ di m sa. Mwen aksepte tout sa li di m, menm si nan fon kè mwen m ap toufe ak lapenn. Epi yon jou mwen deside leve kanpe, mwen di se twòp atò, mwen frape pyem atè mwen di de kout tonnè. Li sezi, li rele m rebèl koulye a. Men m pa okipe l’, m rete dan di. Lè l’ wè li pap ka fè m tounen tòchon ankò, li chanje mannèv li. Li di m li dakò m gen dwa, men se li k’ap defann yo pou mwen kounya. San konprann, mwen antre nan jwèt la, de je fèmen. Epi se la m pral konprann se te pi gwo ipokrizi, poul te ka fèm antre nan kokiy mwen.

Mezanmi, Lasosyete, ou di w’ap defann dwa m. Men, poukisa ou fin di m gen dwa pou m’ale lekòl epi ou menm ankò ki kanpe pou di gen syans ki pa sanblem, gen etid m pa dwe fè ? Tankou la si m deside fè jeni sivil, ou di se paske m pa fanm tout bon, se otorite gason m bezwen pran. Ou jwenn li pa nòmal pou m fè pi gwo mwayèn pase gason nan klas mwen. Ou di’m li pa nòmal pou m pi avanse pase frè m yo. Ou aprann yo tou pou yo pa fyè de siksè m. Menm lè m fin goumen gen yon diplòm, ou di se pa sèlman tèt anlè a ou bezwen…Ou pa ankouraje m mennen yon vi dwat.

Ou tèlman ipokrit, ou di mari m oswa mennaj mwen pa gen dwa bat mwen men se si m pa fè yo anyen. Ou di mwen dwe tankou yon zanj devan’l, e si m pa zanj, fòk li mete lòd nan mwen…ata pou menm manje ki pa ta kwit bonè oubyen si m oze mande yon ti èd nan kay la. Ou aprann yo pou yo wè m tankou yon ti jwèt yo ka fè sa yo vle avè l. Mhm ! Ala w mechan !

Kote m wè w trèt tout bon, ou di m se moun, m gen tout dwa yon moun ka reklame.  Men ou pa wont, ou di m dwa sa yo pa pou mwen si m pa gen yon gason bò kote m. Si m selibatè, m pa gen dwa. Si m se yon vèv, m pa gen dwa. Si m se yon manman selibatè, m pa gen dwa. Si m pa gen pitit gason oubyen yon frè, yon kouzen, yon papa, yon tonton bò kote’m, okenn dwa pa pou mwen. Ou pase yo anba pye jan w vle paske w di m pa gen moun pou defann mwen. Men m kwè w te di m se ou ki defansè dwa m yo ? M kwè w te di m se moun tou antye ? Poukisa kounya m gentan moso moun ? Lasosyete rat pim bit mòde soufle !

Ou pa aprann mwen pou m endepandan, pou m fòme tèt mwen. Ou di m fòk m depann de yon gason pou m reyisi. Ou fè m tout kalite mechanste swa paske w tolere yo, swa paske w pa fè pwovizyon pou yo, oswa tou paske se ou menm menm ki chwazi fè m sibi yo. Ou menm rive aprann fanm parèy mwen choute m ak pye paske m pa dakò ak sa w ap fè yo, paske ou defini m kòm moso moun. Ou fè yo konprann w ap pi byen trete yo paske yo menm yo reponn ak kritè ou poze yo … jiskaske yo menm tou yo pran sabòt nan men w. Ala de tray pou fanm !

Lasosyete, sa w fè m, m pa ka pale. Men antre sa nan kabòch ou : m fenk kare batay ak ou. Se pa ou ki pou defini moun mwen ye kounya a ni moun mwen dwe ye. M ap goumen jis tan ou rekonèt epi pran tan aprann chak jenerasyon nan tout rakwen kòman mwen se yon min valè, kòman mwen gen dwa e jan yo fèt pou respekte. M ap batay ak tout fòs mwen jis tan ou koube w byen ba pou w konfese byen wo epi montre nan tout zèv ou mwen se moun, ki gen anpil kalite men konsa tou ki gen defo, ki ka fè erè epi ak tout sa ki gen yon valè ni lò ni dyaman pap janm ka achte.